Toujou pwan chans ou. Men toujou konnen ki chans w ap pran ak ki kote ou vle abouti
Tags: Religion, Newsletter
Pandan ke mwen rayi lè yon moun pran yon risk ki pa nan avantaj mwen, mwen rekonet tou ke si w pa pran risk ou pap janm rive kote w vle ale a.
Ki kote w vle ale? Eske w ap rive? Nan ki tou w ka tonbe sou wout la? Ki pri w a va gen pou w peye?
Sa yo, se ou menm ak Bondye w ki konnen.
Men kisa mwen konnen:
Si w ap vanse, ou pa konnen kote w pwale, gen yon moun bò kote w kan menm ki konnen kote l ap mennen w.
Lè w rive, w a konprann.
Toujou pwan chans ou. Men toujou konnen ki chans w ap pran ak ki kote ou vle abouti.
Asire w se pa konsèy zòt k ap trennen w kote yo vle w la.
Bib la di: Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo k ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
Ecclesiaste 11:6 - Li Bib la en Kreyol http://www.fouyebible.com/bibla/v7r/kreyol/11/6
You might also like
- Pi fò Ayisyen vle grannèg men fok li fè yon kidnaping finansyèl, fok li deplimen Ayisyen ki bò kote l la
- Yo di w non, ou di wi? Selman, pinga lè malè rive w ou pa di m te pale w!
- Bon konsèy pa janm gaspiye Mete l labank!
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- many people in haiti lost their creole bibles in the...
- I am curious to know what is considered official by...
- Bib la di Bondye p'ap kite yo tante w yon jan ki depase sa w ka sipote
- Nan moman pwoblem yo, le ou anvi bay vag, li enpotan pou w sonje ke Bondye gen yon plan pou ou
- Se sel Haiti sanzave vle dirije pandan moun ki gen entegrite lage nan kouri
- PLEASE CONTACT US AT 818.335.3335 IN CONNECTION WITH...
- Bib la di, tankou ti bebe, fok nou chwazi bon dirijan tankou bon let san dekoupe
- Kek fwa w ap pase yon kalamite, pwoblem, men eske ou janm pozet tet ou kesyon...
- Mwen te joure papa m paske li renmen bay twop. Papa m aprann mwen yon leson.
- Bib la di: Aloufa yo ap devore peyi a, yo pa kite anyen pou pep la