Newsletter
Nan lavi a, pa gen benediksyon ki tonbe sou moun san rezon. Tout bagay gen sezon pa li. Tout sak rive nan lavi a, li toujou rive nan moman l, e li gen yon objektif.
Granmou lontan yo di: Lapli pa janm tonbe san rezon. Lè sezon an rive, tè a resevwa lapli li bezwen pou li donnen. Se konsa tou, tout efò ou fè nan lavi w gen pou bay rezilta kan menm, men fok ou tann moman rive. Fok ou gen disiplin ak pasyans. more »
Posted on July 5, 2025 5:05 AM Comments (0)
Gen de fwa nou pèdi wout nou nan chimen lavi a. Kèk fwa ou gen yon rèv, yon plan, yon objektif... men lavi gen yon jan, li jete sab nan wout ou. W ap travay di pou peye bill, w ap batay chak jou pou mete manje sou tab la.
W ap leve pitit, w ap fè tout sa w kapab pou bayo lavi miyo. more »
Posted on July 2, 2025 7:19 AM Comments (0)
Hmmm... Que ton règne vienne; que ta volonté soit faite... Poukisa sa vini nan tèt mwen maten an laa menm???
Mwen rete konsa, m ap panse a peyi m, mwen souri epi mwen di l...
Que ton règne vienne; que ta volonté soit faite...
Kèk fwa, menm mwen, m pa konprann!
Li Matye 6:10
Li Bib la an Kreyol
http://www.fouyebible.com/bibla/bnN/kreyol/6/10 more »
Posted on May 26, 2025 8:21 AM Comments (0)
Gen anpil bagay ou pa konprann jodi a men se egzakteman sa ou bezwen pou w ka grandi, pou w ka soti nan sitiyasyon ou ye a. Petet se sa ki ka sèvi kom fòmasyon w pou lavi demen an.
Pa gen yon Ayisyen nan mond la ki ka di li konprann sa k ap pase nen peyi nou jodi a. Men si ou rantre fon nan istwa tout peyi ki gwo bout tonton peyi jodi a, te gen zen, te gen lobey nan peyi sa yo nan yon moman nan listwa yo jouk yon lè rive, epi, Abraam di set ase. more »
Posted on April 30, 2025 9:58 AM Comments (1)
Kek fwa w ap pase yon kalamite, w ap mande Bondye kisa w fè w ap peye. Men eske ou jan m gade vè a mwatye ranpli?
Ou sèlman rete focus sou problem lan, men ou pa reflechi lot desizyon ou pran akoz problem sa a w ap andire. Ou pa panse lòt mission problem ou an fòse w akonpli.
Mwen sonje yon pawol m toujou di nan lapriyè m chak fwa m ap pran gro desizyon ke m pa tro konprann. Desizyon lavi. Desizyon santimantal. more »
Posted on April 24, 2025 7:23 AM Comments (1)
Kèk fwa, Bondye fè w pase anba tray pou li wè kote w ye. Se konsa tou wi yo pase lò nan dife pou wè si li bon.
Se yon boul lò ou ye. Men sa pa vle di moun ki bò kote w yo konprann sa. Yo pè w, yo krent ou, yo doute w, yo pa konn valè w.
Donk fòk ou atann ou ak sa. Prepare w. Y ap pase w nan dife pou wè si w bon. Dife dout, dife pwoblèm, dife lamizè, dife kalamite, dife ensekirite ak tout lòt tray w ap pase nan moman sa. more »
Posted on October 11, 2024 6:30 AM Comments (3)
"Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye."
Pa kite volume stress ki nan lavi w ak stress ki genyen nan peyi Dayiti pote w ale.
Se yon sèl mouri ki genyen, men, se pa konye a
Li Proverbes 17:22
Li Bib la en Kreyol http://www.fouyebible.com/bibla/vnr/kreyol/17/22 more »
Posted on April 6, 2024 9:05 AM Comments (0)
Lavi a gen yon jan li fè nou sonje jan li enpòtan pou ede lòt moun ak benediksyon ki vini ak li. Lè ou lonje men bay yon moun, prete yon zòrèy, oswa ofri tan ou, li kreye yon efè pozitif ki gaye byen lwen, pi lwen pase premye zak la.
Kèk tan de sa, yon etranje te vin nan lavi mwen epi li te ede m reyalize yon rèv mwen ke, nan epòk la, te prèske enposib pou m te reyalize. Mwen pa t gen lajan e mwen pa t kapab menm reve akonpli sak te nan tet mwen an. Li te ede m. Men, se sa li te di m apre sa ki te chanje lavi m pou tout tan. more »
Posted on August 15, 2023 10:24 AM Comments (2)
Lavi a ranpli ak plizyè sezon ak tout sot de emosyon. Gen moman pou w serye epi pou kè w kontan an menm tan. Menm jan gen moman ou gen dlo nan je w, tèt ou chaje, w ap reflechi, gen tou moman tou, fok ou griyen dan w, fok ou selebre.
Bib la ankouraje nou pou nou ka konprann sa: Jwi lavi ak pran plezi se yon pati natirèl nan egzistans tout moun k ap viv sou te a. more »
Posted on August 12, 2023 8:24 AM Comments (2)
Vwayaj lavi a souvan ranpli ak anpil vire tounnen, kek kwa lavi a bourade ou nan fason pa ta ka atann. Nan move moman sa yo, li enpòtan pou w sonje ke Bondye gen yon plan pou ou.
Defi lavi a ka teste pasyans ou ak detèminasyon w, men li enpòtan pou ou sonje pwomès saa ke Bondye gen yon plan pou nou chak. more »
Posted on August 9, 2023 10:44 AM Comments (2)
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- Thank you for sharing the TRUTH with Joe, Jack! We...
- many people in haiti lost their creole bibles in the...
- Aprann anbrase Konesans ak Bon Konprann kom konpayon Fidel ou pou yon lavi miyo
- Toujou pwan chans ou. Men toujou konnen ki chans w ap pran ak ki kote ou vle abouti
- John Nelson Darby
- You guys are STUPID. Music is part of your culture...
- Hi Evans! I love ur comment and i sent u a message on...
- Se sel Haiti sanzave vle dirije pandan moun ki gen entegrite lage nan kouri
- Se yon boul lo ou ye, sa pa vle di moun ki bo kote w la konprann sa
- Yo di w non, ou di wi? Selman, pinga le male rive w ou pa di m te pale w!