Men ki jan pou w rekonèt ke Bondye beni ou
Tags: Religion, Newsletter
Bondye bay chak moun libète pou yo deside. E se poutèt sa, pafwa, li tann ou wè si ou konnen ou beni. Si ou pa konnen ou beni, ki objektif plis benediksyon ka sèvi?
Men ki jan pou ou konnen ou beni:
Chak jou, lè ou reveye, kòmanse priyè w pa remèsye Bondye pou chak bagay ou konsidere kòm yon benediksyon nan lavi ou. Menm ti bagay piti yo, resanse yo:
Mèsi Bondye pou lè a ke mwen respire.
Mèsi Bondye pou bèl pitit ou ban mwen yo.
Mèsi Bondye pou kay la map domi andadan l lan.
Mwen te pase yon bòn nwit yèswa. Mèsi pou sa. Mwen rekonesan.
Epi ... Epi ... Jiskaske ou pa gen okenn lòt bagay ke ou ka remèsye Bondye pou li.
Lè ou kòmanse konte benediksyon ou yo, lè ou remèsye Bondye pou chak grenn bagay, ou va reveye chak jou ak konesans ke Bondye ap beni ou, ke Bondye beni ou deja, epi ou ta dwe rekonesan.
Lè saa w a di ak lafwa:
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan ou an, li kapab fè pi plis pase tou sa ou ka mande, pi plis pase tou sa n
ou ka mete nan lide w.
Ephesiens 3:20 - Bib la en Kreyol http://www.fouyebible.com/bibla/bpN/kreyol/3/20
You might also like
- Lejou Ayisyen sispann aji tankou kadav, votou yo pwal pawoze lot kote
- Se pa Bondye k ap pini pèp Ayisyen
- How to recognize that God has blessed you.
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- Bon konsey pa janm gaspiye Mete l labank!
- Bib la di obeyi otorite etabli, men l pa di tout moun ki gen foli chef se sou ou pou yo vinn chef
- We Haitians should praise the Lord for having protected Haiti from covid-19 this far
- God bless you folks. We are praying for you and your...
- Toujou pwan chans ou. Men toujou konnen ki chans w ap pran ak ki kote ou vle abouti
- Mwen konnen Bondye pou mwen wi, men kek fwa se Grenadye Alaso l ye tonton
- Attention il y ont beaucoup des hypocrites a l'eglise...
- Kek fwa w ap pase yon kalamite, pwoblem, men eske ou janm pozet tet ou kesyon...
- if somebody has no sins that's mean jesus christ...
- Nan moman pwoblem yo, le ou anvi bay vag, li enpotan pou w sonje ke Bondye gen yon plan pou ou