Bon konsèy pa janm gaspiye Mete l labank!
Tags: Religion
Lè ou bay yon moun bon konsèy, pa atann ke l ap tande sa ou di l la. Si se yon moun tèt di menm, yon rebèl, li ka ale kont konsèy ou ba li a epi fè sa l pat dwe fè a.
Ou te ka di li dezobeyi, men, se pat yon lòd ou te ba li, sèlman yon ti konsèy.
Nan bay moun konsèy, toujou fè sa papa m di m fè a: Mete l labank!
Papa m di menm lè ou panse yon moun pap tande konsey ou ba li, mete l labank. Li ka pa pwan konsèy la jodi a men li anrejistre nan sèvèl tèt li. Jou l a bezwen l lan, lap di: WOYYY... Entèl te di m sa! Li te pale m!
Jou sa, konsey ou te ba li depi dikdantan an va itil li paske li te sere labank.
Bib la di: Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w a viv. Konsidere sa m moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.
Proverbes 7:2
Li Bib la en Kreyol http://www.fouyebible.com/bibla/vnr/kreyol/7/2
You might also like
- Toujou pwan chans ou. Men toujou konnen ki chans w ap pran ak ki kote ou vle abouti
- Pi fò Ayisyen vle grannèg men fok li fè yon kidnaping finansyèl, fok li deplimen Ayisyen ki bò kote l la
- Bondye toujou pare wi pou li mennen w nan chemen k ap pi bon pou ou a. Men se si w vle.
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- Bib la di le w gen renmen nan ke w ou fe yonn ak Bondye, Bondye fe yonn ave w
- God bless you folks. We are praying for you and your...
- PLEASE CONTACT US AT 818.335.3335 IN CONNECTION WITH...
- Haiti lamize se komes granneg, leta sou kes, kisa bib la di sou sa?
- Nou mechan anpil, se reflesyon pov sa yo ki lage peyi...
- Sispann manje Tchanpan - Bib la ankouraje nou manje bon manje
- Ayisyen gen dwa pou l viv nan one ak diyite, wol leta, kisa Bib la di
- Please, visit our conservative bible centered...
- Toujou chache fe bagay ki kapab ede w viv ak ke poze.
- I dress up and I also dress down. I don't go to a...