Bib la di obeyi otorite etabli, men l pa di tout moun ki gen foli chèf se sou ou pou yo vinn chef
Tags: Religion, Newsletter
Bib la di: Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a. Mwen dakò. Men bib demokrasi a di se pèp ki dwe chwazi moun li vle mete kom otorite pou gouvènen peyi a.
Nou menm pèp Ayisyen, mwen pa konnen si se paske nou fè twop tan nan esklavaj sovaj, nou bay tout moun ki vle otorite sou nou. Nou ba yo tout pouvwa yo pa merite pou yo fè nou sa yo vle.
Nenpòt ti blan kokorat vini, se blan li ye, li chèf otomatik. Otorite l nan boudal.
Yon kandida vòlè yon eleksyon ak fòs ponyèt li. Ohhhh se li ki chèf konye a papa! Ochan pou li.
Yon sanzave kraze peyi a paske li gen foli chèf san li pa pase nan eleksyon, sa w tande a li chèf li chef nèt.
Yo malandren pase pa wout kwochi pou li gen 10 goud anplis ou, epi w komanse rele l patwon, bòs mwen.
Yon bandi pwan zam, li rele tet li chef gang, epi ou gentan dakò se li k ap dirije peyi a.
Se pa otorite sa yo non Bondye di pou w obeyi a pèp Ayisyen.
Okontrè, li lè li tan pou nou trase ekzanp sou yo pou bagay konsa pa kontinye repete nan sosyete nou an.
Otorite Bondye vle nou obeyi yo, se nou ki pou chwazi yo e fok yo konnen djòb yo se fè tout sa ki bon pou chak grenn Ayisyen
Bib la di: nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.
Men kisa m vle w sonje: pou w obeyi, fòk se yon otorite ki lejitim. Se pa mòd sanzave sa yo k ap Ayiti genyen an k ap pwoklame tèt yo chèf san se pa nou ki chwazi mete yo nan pòs la.
Romains 13:1
Bib la en Kreyol
http://www.fouyebible.com/bibla/bwN/kreyol/13/1
You might also like
- Bondye toujou pare wi pou li mennen w nan chemen k ap pi bon pou ou a. Men se si w vle.
- Bon konsèy pa janm gaspiye Mete l labank!
- Mwen te joure papa m paske li renmen bay twòp. Papa m aprann mwen yon leson.
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- Bib la di Kouri avek pasyans nan chemen Bondye mete devan w lan -- Hebreux 12:1
- I dress up and I also dress down. I don't go to a...
- Kek fwa nan lavi a fok ou re-envante tet ou, pran kek desizyon pou amelyore lavi w
- W ap travay di, le pou ou pran plezi - Pifo kretyen ayisyen panse se peche si w pran plezi w nan lavi. Se vre?
- Ede moun san kondisyon, montre konpasyon ak senpati, ou pap regret sa
- Le w vle dekouraje, sonje Bib la di si w pesevere w ap rive ak fos
- To who ever reading this, Philippians 4:13, read it...
- W ap travay di, le pou ou pran plezi - Pifo kretyen ayisyen panse se peche si w pran plezi w nan lavi. Se vre?
- Prayer is the practice of the presence of God. It is...
- W ap travay di, le pou ou pran plezi - Pifo kretyen ayisyen panse se peche si w pran plezi w nan lavi. Se vre?