La bib di, nan liv Deteronom Chapit 15 Vese 2:
"Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò."

Chante Salomon 7 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Chante Salomon 7

1 Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!

2 Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li.

3 Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, de ti gazèl menm fòs, menm pòte.

4 Kou ou tankou yon fò won fèt an ivwa. Je ou yo tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou tankou gwo fò peyi Liban an k'ap veye sou lavil Damas.

5 Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!

6 Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen!

7 Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis.

8 Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou!

9 Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.

10 Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.

11 Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo.

12 Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale.

13 Ou ka pran sant mandragò yo. Devan papòt nou an gen tout kalite bon fwi, fwi ki fèk keyi ak fwi ki byen mi. Mennaj mwen, se mwen ki te sere yo pou ou.


Chante Salomon 7

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap