La bib di, nan liv 2 Samyel Chapit 19 Vese 35:
"Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa."

Ezay1 64 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Ezay1 64

1 Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.

2 Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou!

3 Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.

4 Pesonn pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li.

5 Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pa t' sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou.

6 Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.

7 Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.

8 Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.

9 Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou!

10 Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

11 Tanp nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze.

12 Seyè, tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?


Ezay1 64

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap