La bib di, nan liv Ezay1 Chapit 53 Vese 4:
"Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'."

Ezay1 50 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Ezay1 50

1 Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.

2 Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.

3 Mwen kouvri syèl la ak nwaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò!

4 Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.

5 Seyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li.

6 Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.

7 Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont.

8 Moun ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive. Ki moun ki vle plede ak mwen? Ann konparèt ansanm devan tribinal la? Kilès ki vle rele m' lajistis? Se pou l' vin kanpe la devan m'!

9 Se Seyè a menm, Bondye a, k'ap pote m' sekou. Ki moun ki ka fè yo kondannen m'? Tout moun k'ap akize m' yo pral disparèt. Y'ap tankou yon rad vèmen ap devore.

10 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!

11 Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun, se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an, se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo. Se Seyè a menm ki pral fè sa rive nou: Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.


Ezay1 50

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2010 www.fouyebible.com - Sitemap