La bib di, nan liv Travay Chapit 8 Vese 27:
"Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye."

Resansman 36 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Resansman 36

1 Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,

2 yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo.

3 Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fè pati yon lòt branch nan fanmi pèp Izrayèl la, pòsyon ki pou yo a pral soti sou tè zansèt pa nou yo. Konsa, pòsyon tè ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pòsyon tè ki te vin pou nou an lè yo te tire osò a pral vin pi piti.

4 Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo.

5 Se konsa, dapre lòd Seyè a te ba li, Moyiz bay moun pèp Izrayèl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozèf yo gen rezon.

6 Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo.

7 Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.

8 Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an.

9 Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.

10 Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.

11 Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bò papa.

12 Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an.

13 Men tout lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.


Resansman 36

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap