La bib di, nan liv Ezekyel Chapit 11 Vese 17:
"Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo."

1 Jan 1 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv 1 Jan 1

1 M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou.

2 Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.

3 Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.

4 M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.

5 Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.

6 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.

7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.

8 Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.

9 Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.

10 Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.


1 Jan 1

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap