La bib di, nan liv Zakar1 Chapit 14 Vese 21:
"Y'a mete tout mamit ak tout chodyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Seyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Seyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p'ap gen moun k'ap vann ankò nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a."

2 Korint 13 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv 2 Korint 13

1 M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.

2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.

3 Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.

4 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.

5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.

6 Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.

7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.

8 Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.

9 Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen.

10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.

11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.

12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.

13 (13:12) Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.

14 (13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.


2 Korint 13

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap