La bib di, nan liv 1 Wa Chapit 22 Vese 33:
"Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a."

Som 8 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 8

1 (8:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. (8:2) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!

2 (8:3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

3 (8:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,

4 (8:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?

5 (8:6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.

6 (8:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:

7 (8:8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,

8 (8:9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.

9 (8:10) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!


Som 8

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap