La bib di, nan liv 2 Wa Chapit 9 Vese 13:
"Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: --Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!"

Som 50 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 50

1 Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

2 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.

3 Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

4 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.

5 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

6 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!

7 Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

8 Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

9 Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.

10 Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.

11 Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.

12 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

13 Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?

14 Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

15 Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.

16 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?

17 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.

18 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.

19 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.

20 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.

21 Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.

22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

23 Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.


Som 50

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap