La bib di, nan liv Jeremi Chapit 36 Vese 27:
"Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesaj Jeremi te dikte Bawouk la, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l' konsa:"

Som 149 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 149

1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!

2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.

6 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,

7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,

8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!


Som 149

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2010 www.fouyebible.com - Sitemap