La bib di, nan liv Travay Chapit 28 Vese 8:
"Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li."

Som 148 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 148

1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!

2 Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.

3 Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!

4 Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.

5 Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.

6 Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.

7 Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,

8 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,

9 gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,

10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.

11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,

12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.

13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!


Som 148

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap