La bib di, nan liv 1 Istwa Chapit 19 Vese 11:
"Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo."

Som 142 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 142

1 (142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.

2 (142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.

3 (142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.

4 (142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.

5 (142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

6 (142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.

7 (142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.


Som 142

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap