La bib di, nan liv Egzod Chapit 12 Vese 39:
"Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon."

Som 14 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 14

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.

2 Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.

3 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.

4 Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!

5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.

6 Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.

7 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.


Som 14

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap