La bib di, nan liv 2 Samyel Chapit 17 Vese 9:
"Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo."

Som 138 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 138

1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!

2 M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.

3 Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.

4 Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.

5 Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!

6 Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.

7 Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou.

8 W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!


Som 138

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap