La bib di, nan liv Jeremi Chapit 12 Vese 10:
"Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete."

Som 12 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 12

1 (12:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (12:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

2 (12:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

3 (12:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

4 (12:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

5 (12:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

6 (12:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.

7 (12:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

8 (12:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.


Som 12

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap