La bib di, nan liv Levitik Chapit 1 Vese 16:
"L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a."

Som 11 - Bib La An Kreyol

Search this site in english, change the language if you want to search in a different language
Language: English
 

 
Go to Scripture
 
Chapter :  
Verse :  

 
Search the Bible
 



 

Haiti bible




Liv Som 11

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,

2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?

3 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.

4 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.

5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.

6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.

7 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.


Som 11

Use Google to search this site

This Domain name is registered at HostPapi.com #1 in domain registration and web hosting
Also... find out for FREE how to build your own website online.

Haitian Webmasters, bring more traffic to your website and make money online.

www.fouyebible.com is a member of the Fouye Information Network
Copyright © 2012 www.fouyebible.com - Sitemap