Bib la en Kreyol > Liv Eklezyas > Chapit 11
Nòt: Klike sou nenpòt vèsè, w ap ka li vèsè sa a an 3 lang... Kreyòl, Anglais, ak Fransè. Chwazi yon lot langaj nan menu a goch la si w ta vle li Eklezyas Chapit 11 nan lot lang la...
1 Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
2 Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
3 Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.
4 Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.
5 Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
6 Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
7 Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.
8 Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.
9 menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.
10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- hmmm? first of all, I ain't no,mr. second: I am...
- The page doesn't exist when I click on it so let us...
- I truly think there is a secret dress code within tha...
- merci pou intervention ou. mais mwen te pense si yon...
- Thank you for your response.and I see that you are...
- There is no dress code to go to church. But I beleive...
- This might be the answer from a writer to Amazon...
- Waow you went to Cap Haitian. Did you visit the...
- The lord says "come as you are" so yes, you can go to...
- The Lord said come as you are. Jesus just wants you...