Bib la en Kreyol > Liv 1 Jan > Chapit 1
Nòt: Klike sou nenpòt vèsè, w ap ka li vèsè sa a an 3 lang... Kreyòl, Anglais, ak Fransè. Chwazi yon lot langaj nan menu a goch la si w ta vle li 1 Jan Chapit 1 nan lot lang la...
1 M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou.
2 Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
3 Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
4 M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.
5 Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.
6 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.
7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
8 Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.
9 Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
10 Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- Non, au contraire la Bible mets en garde contre les...
- Dear Woodring, I admire you because you raise issues...
- Jamesae, Before Jesus Christ came to earth to die on...
- how are you jonatan I'm very glad to answer you you...
- I truly think there is a secret dress code within tha...
- Can you tell me so that I can no? lbinx at yahoo.com
- Hi jack, My name is Ingrid, I am a christian...
- San manti voodoo se yon religion satan.pa bliye ke...
- if somebody has no sins that's mean jesus christ...
- Hello, are you Ingrid? Yes, married 48 years with two...