Bib la en Kreyol > Liv Som > Chapit 137
Nòt: Klike sou nenpòt vèsè, w ap ka li vèsè sa a an 3 lang... Kreyòl, Anglais, ak Fransè. Chwazi yon lot langaj nan menu a goch la si w ta vle li Som Chapit 137 nan lot lang la...
1 Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
Haiti Bible Study / Etude Biblique Forum
- haitians want creole bibles
- 2 chambres a louer a Orlando Florida 350 chaque
- Yes, you should be able to go to church as you...
- Hello everyone, my name is Moises (Moses) from...
- Thank you so much. I actually just found a website...
- The mission with which we have been working is Good...
- you didn't understand me very well, but I agree on...
- we must have faith
- yo te met fache,yo rinmin abiye two-p.leglize se pou...
- Prayer is the practice of the presence of God. It is...